Nou Envite w!

Vin Bay Kalinda, Vin Chante, Vin Danse ak 2 Kreyòl Yo

Ann Rakonte Istwa Kreyòl (Haitian Creole Story Time)

Premye dimanch chak mwa, nou envite w vini pou n pataje istwa kout nou deja pibliye yo ak nou.  Pwochen rankont lan ap fèt Dimanch, 2 Novanm, 2025 @3 :00-4 :00 nan lapremidi.  N ap li, Fesito al nan mache, yon kont Afriken Junior Duplessis trandui an Kreyòl.  Imèl nou (scutt.philosophy@gmail.com)epi n ap pataje lyen Zoom lan avèk nou.

Karaoke Kreyòl

Nan lakou 2 Kreyòl Yo se tout lasent jounen mizik ap jwe.  Mizik se konsolasyon nou, enspirasyon nou, terapi nou.  Gen anpil bèl mizik Kreyòl nou damou.  Nou envite w vin aprann chante yo ak nou nan Karaoke Kreyòl.  Premye rankont lan ap fèt Dimanch 9 Novanm 3 :00 – 4 :00 nan lapremidi.  Imèl nou (scutt.philosophy@gmail.com) epi n ap pataje lyen Zoom lan ak nou.

Danse se Remèd (Remèd Kreyòl)

Nan kilti Afrikèn lan, se tout moun ki chante, tout moun ki danse.  Danse se remèd.  Nan lakou 2 Kreyòl Yo, menm jan nou pran ti te fèy nou lematen, n ap kreye moman chak jou pou n danse.  Nou envite w kiltive danse chak jou ak nou.  Imèl nou pou plis detay (scutt.philosophy@gmail.com) epi n a planifye kòman nou ka fè sa ansanm.

Kafe ak Konvèsasyon Kreyòl

Youn nan gwo plezi pou nou nan lakou 2 Kreyòl yo se bwè ti kafe akonpaye ak pen oubyen kasav lematen.  Nou envite w vin bwè yon ti kafe ak nou pandan n ap bay kalinda sou tout kalite ti koze ki enterese n.  Si w ta anvi fè sa ak nou (menm lè w pa fanatik kafe, w a prepare ti plezi pa w), imèl nou ( scutt.philosophy@gmail.com) pou n planifye sa ansanm sou Zoom.

Atelye Tradiksyon Kreyòl

Youn nan travay nou bay tèt nou nan Edisyon 2 Kreyòl Yo se tradui bèl literati etranje (espesyalman literati moun nwa ekri) nan lang Kreyòl Ayisyèn lan.  Se pou sa nou kreye Koleksyon Jaliyaa (https://2kreyolyo.com/koleksyon-jaliyaa/)  Si w gen yon pasyon pou tradui bèl zèv literè nan lang Kreyòl Ayisyèn lan, epi si w santi w bezwen plis akonpayman pou w evolye nan domèn lan, nou envite w imèl nou (scutt.philosophy@gmail.com) epi n ap planifye ansanm kèk atelye tradiksyon ki ka dire 30 minit a inèdtan sou Zoom.

Ekri Istwa Pa w la an Kreyòl

Gen yon konviksyon fondamantal ki kore travay nou nan Edisyon 2 Kreyòl Yo: Istwa nou yo, nan vwa pa nou, nan kadans pa nou, nan lang pa nou, gen yon enpòtans kapital pou oryante n nan chimen larefleksyon, transfòmasyon, epi louvri imajinasyon n pou envizaje lòt posibilite, lòt fason, lòt kadans nan jan nou viv, jan n gouye ak Lwa yo, jan n gouye ak Lanati, jan n gouye ak youn lòt, jan n gouye ak lavi epi lanmò.   Fè yon ti gade tit nan Koleksyon Istwa Danfans lan (https://2kreyolyo.com/koleksyon-istwa-danfans-2/), nan Koleksyon Moriso Lewa a (https://2kreyolyo.com/koleksyon-moriso-lewa/), ak nan Koleksyon Maji Fèy la ( https://2kreyolyo.com/koleksyon-maji-fey/) pou w gen yon lide sou istwa nou plibiye deja yo.  Si w ta renmen istwa pa w la nan lang Kreyòl Ayisyèn lan, nou envite w pèmèt nou akonpaye w.  Imèl nou (scutt.philosophy@gmail.com) pou n brase lide sou diferan fason nou ka fè sa.