Home

Pran ti chèz ba w

pou n rakonte w yon

bèl istwa!

Yon Edisyon Abdaly Lessage ak Zermatt Scutt, 2 zanmi (2 kreyòl), k ap viv ansanm, k ap travay ansanm, k ap imajine lòt reyalite ansanm, deside kreye. Travay nou se prezante bèl istwa nan lang Kreyòl la pou timoun kou granmoun… Istwa k ap fè n sonje sa pou n sonje, demanti sa pou n demanti, rekonstwi sa pou n rekonstwi, k ap fè n ri, fè n kriye, fè n reflechi, fè n grandi, fè n aji.

Nou kwè li enpòtan kiyès ki rakonte istwa a. Nou vle ankouraje pwòp tèt nou ak lòt moun nan kominote Ayisyèn lan, Ayiti kou aletranje, pou n rakonte epi ekri istwa pa nou, nan fason pa nou, nan lang pa nou, pou n pataje youn ak lòt. Epi, nou vle mete bèl istwa yo ekri nan lang etranje yo nan lang Kreyòl la pou plezi nou, pou devlopman lespri n, pou enrichi imajinasyon n diplis.

Kòk la vole gagè !!!

Sanba Abdaly Lessage (Louly) te apenn selebre 14 rekòt kafe l yon 18 Novanm. Tant Ririn te fè l kado yon bèl kòk pou fèt li.  Kèk jou apre, manman l te mande l touye kòk la epi prepare lamanjay la pou tout fanmi an.  Se premye fwa Louly t apral chèf kanbiz… se premye fwa l t ap touye yon kòk.  Louly te deside leve defi a. Li te pare tout zafè l, epi lè moman an te rive, li te manchte kouto l, li te deplimen anba kou kòk la epi l te zwing…  Men, kòk la pa t nenpòt kòk, se te yon kòk kalite.  Se rete Louly te rete l te wè l vole gagè apre l te lage l atè pou l bat.  Malgre gwo sezisman sa te bay Louly, kòm yon jenn fanm Vètyè, li pa t deside pèdi batay.  Li te rele ranfòsman, epi l te kenbe kinnalaganach jouk li te ramne kòk la nan chodyè l pou l fè yon bon sòs poul peyi.

N ap imajine…ekri libète n an Kreyòl!

10 Solèy Leve

Sanba Zermatt Scutt mennen nou imajine yon sal klas nan vil Jakmèl.  Manzè Zora se metrès klas 10 timoun li batize, 10 Solèy Leve, tèlman yo briye nan je l.  Yon maten, Manzè Zora pataje yon evènman ki te rive l lavèy nan kamyonèt la ak timoun yo.  Yon jennonm te pran fè elòj lòt peyi nan kamyonèt la.  Lè yon demwazèl te ba l defi idantifye omwen yon bagay li apresye lakay pa l, jennonm lan te ret bouch be anfas defi a.  Sa te fè Manzè Zora tris anpil.  Li mande 10 Solèy leve l yo kòman yo menm yo t ap reponn demawazèl la.  Repons 10 Solèy Leve yo reveye lespwa Manzè Zora.

Sen Jan

Sen Jan se youn nan plizyè bèl kont Moriso Lewa kite pou nou ann eritaj.  Nan kont sila a, li rakonte kòman moun Grangozye, kominote kote l te grandi a, te reyaji apre yon move tan te frape yo.  Jèmèn, yon fanm, reponn prezan pou l pote la men fòt ak kominote a, pou yo rekonstwi ansanm, pou yo manje ansanm, pou yo chante danse ansanm, pou lavi ka kontinye taye banda nan mitan yo.  Moriso Lewa, nan vwa jenn ti gason k ap rakonte istwa a, pèmèt nou wè grandè Jèmèn nan je kominote a.  Li pèmèt nou santi kòman savwafè Jèmèn ansanm ak dispozisyon kominote a tèlman enpresyone lespri jenn gason an, yo tou sèvi pou plante yon semans fyète ak respè nan fon kè ti bonnonm lan.  Fyète ak respè pou pwòp tèt li kòm yon manm kominote a.  Fyète ak respè pou kilti ak kwayans kominote a k ap kadanse nan menm rit ak lavi a, manman tanbou a.  

Madan Jil

Moris Siksto, gwo lodyansè devan letènèl, mennen n kay Madan Jil, pou n tande yon zen.  Vwazin lan, Madan Emanyèl,  devwale radiyès Jil ki twouve gen je sou Dèdèt, yon jenn ti gengenn 19 an, fiyèl Madan Jil.  2 vwazinay yo, 2 fanm je klere, pran brase lide sou konpòtman Jil yon fason ki voye n, gason kou fanm, al poze tèt nou anpil kesyon sou fason gason nan sosyete nou gen tandans jere seksyalite yo, relasyon granmoun gason ak jenn ti fi, ak responsabilite fanm ak gason je klere pou n brave pale sou koze sa yo.

Nou envite w ekri istwa pa w la sou eksperyans ki te make w pandan w t ap grandi Ayiti!!!

Men kèk istwa nou pibliye nan koleksyon sa a deja…se vre istwa yo te pase nan laj danfans nou…ki fè nou rele koleksyon an, Koleksyon Istwa Danfans… men istwa yo pou tout laj soti 5 an rive 105 an!!!

Koleksyon Jaliyaa

N ap mete bèl istwa moun nwa ekri nan lòt lòt lang, nan lang pa nou an. Nou envite w kolabore ak nou nan gran travay sila a…se travay nou tout entelektyèl Ayisyèn/Ayisyen.

Eksplore Koleksyon Jaliyaa

%d bloggers like this: