Kiyès nou ye?


N ap travay pou n kite yon bèl eritaj pou demen!


N ap prezante n Abdaly Lessage, youn nan fondatris ak potomitan Edisyon 2 Kreyòl Yo.  Sanba Abdaly se moun Jakmèl. Li deja anrichi Edisyon an ak 3 bèl istwa danfans: 1)Plezi moun fou nan vil Jakmèl, 2)Tant Ririn, 3)Kòk la vole gage.  Si n gen chans li istwa Abdaly yo, nou konnen kòman l gen yon fason espesyal li sonje epi rakonte eksperyans li pandan l t ap grandi nan vil la.  Anplis talan l kòm gran dizè, Abdaly konn kiltive late, fè bon ti jaden lakou.  Nenpòt sa l manje ki ka plante, li plante l, epi yo grandi byen bèl, byen fre.  Kòm pwofesè, Abdaly plante anpil bon grenn nan ledikasyon timoun nan kominote Jakmèl la tou.  Gen anpil timoun nan vil la ki dwe l yon gwo dèt pou plizyè lane li pase ap pataje konesans ansanm ak bon konprann avèk yo.  Nan moman an, Sanba Abdaly ap prepare memwa l nan domèn dwa.  Anpil moun Jakmèl konnen l kòm gwo motosiklis.  Sanba Abdaly gen anpil lòt bèl istwa l ap pare pou l pataje ak nou. Li rekonesan pou Sanba Zermatt Scutt ki mawonnen pwen avè l pou chache epi kreye espas pou grandi ansanm nan lanmou, nan bon jan kominote.

N ap prezante n Sanba Zermatt Scutt, youn nan fondatris ak potomitan Edisyon 2 Kreyòl Yo.  Lonbrik Zermatt scutt antere anba yon pye kokoye nan bouk Bawo, Benè.  Li gen yon doktora nan domèn filozofi.  Li di li renmen bèl istwa paske l panse se fason ki pi natirèl pou n pataje vizyon nou, kesyon nou, konpreyansyon nou sou diferan reyalite ki afekte lavi n. Epi, selon jan n chwazi konstwi istwa yo, sa ka pamèt nou angaje tout kouch sosyal nan sosyete a pou n motive refleksyon ansanm an kominote.  Sanba Zermatt deja kontribye tit sa yo ak nou nan Edisyon an: 1) Fanm Je Klere: Ayiti Leve Pye w, 2) 10 Solèy Leve, 3) Manman Tanbou.  Si n gen chans li travay Sanba Zermatt yo, nou p ap manke remake enfliyans Feliks Moriso Lewa, Papa Literati Kreyòl Ayisyèn lan, yon gran enspirasyon pou li.   Anplis, li inisye Koleksyon Jaliyaa, yon mouvman pou tradui bèl travay literè moun nwa ekri pou n mete yo nan lang Kreyòl la.  Li deja tradui travay Zora Neale Hurston, Mariama Ba, Frederick Douglass, Yvonne Vera, Maya Angelou ak Alice Walker.  Sanba Zermatt pase plizyè lane ap anseye timoun, jenn moun kou granmoun nan enstitisyon edikasyon tradisyonèl yo.  Men li di li swaf, l ap chache kreye lòt mwayen, lòt kalite espas ki pèmèt pataj lide ak konesans nou youn ak lòt anrasine nan bon jan lanmou, nan bon jan kominyon youn ak lòt. Li rekonesan pou Sanba Abdaly Lessage ki mawonnen pwen avè l pou chache epi kreye espas konsa ansanm.

%d