Sanba Abdaly Lessage se moun Jakmèl. Kòm edikatris, li pataje bon jan konesans ak bon konprann ak anpil timoun Jakmèl. Angajman l nan Edisyon 2 Kreyòl Yo montre n talan l kòm gran dizè ki gen yon fason espesyal li sonje epi rakonte evènman k te make l pandan l t ap grandi nan vil la. Anplis, sanba Abdaly gen don kiltive latè, fè tout kalite bon fri, bon fèy remèd, bon legim grandi nan jaden lakou l.
Gabriel Lucien
Gabriel Lucien fèt nan komin Marigo, men l grandi Remon, nan Kay Jakmèl. Li se yon nòmalyen diplome, yon jounalis kiltirèl ak mèt seremoni. Gen plizyè lane l ap anseye nan lekòl Jakmèl. Se nan Inivèsite Piblik Jakmèl la li etidye syans edikasyon.
John Lucmann
John Lucmann fèt nan komin Bèlans, nan yon ti lokalite yo rele Nan Platon. Apre etid segondè l, li te kite Bèlans pou l al viv Jakmèl. Se la li pran yon diplòm nan Lekòl Nòmal anvan l al kontinye etidye syans edikasyon nan Inivèsite Piblik Jakmèl la. Li retounen al viv Bèlans kote li se direktè lekòl. L ap viv ak madanm li ak pitit li.
Florence Lafalaise
Sanba Florence Lafalaise konplete etid segondè l nan lekòl IDEPH nan vil Jakmèl. Li se yon natif natal vil la tou. Apre etid klasik li, li te etidye syans edikasyon nan inivèsite Notre Dame D’Haiti. L ap travay sou yon doktora nan domèn lan nan Institut Catholique de Paris.
Jean Claude Martineau
Sanba Jean-Claude Martineau gen lontan l ap anrichi espas kiltirèl Ayisyèn lan. Li fèt an 1937. Nou ka sèlman souliye kèk nan travay li yo. Li fè lonè lang Kreyòl la ak kreyasyon l yo. Li ekri bèl chante ki fè pati eritaj mizikal nou tankou “Lè la libere, Ayiti va bèl.” Li ekri plizyè kont tankou “Ti Okap”, “Flè Dizè”. Teyat menm, se pa pale (“Dejwe”, “Djouman”). Pami travay li yo, nou jwenn woman sila a tou, “Le serment des Aradas”. Gen kèk travay li yo ki pouse n nan pwofondè larefleksyon sou ka peyi nou nan mond lan. Gen kèk lòt ki geri n ak bon komedi. Li menm chante pou nou, epi vwa l karese nanm nou.