Jwèt anba kabann

$7.99

E si timoun ta gen yon vi seksyèl ki reveye nan yo depi tou piti ? Koze fason timoun angaje seksyalite yo lè yo tou piti se yon koze ki mande reflechi. Sanba John Lucmann, moun Bèlans, pataje ak nou eksperyans li ak 2 ti zanmitay lè l te tou piti. Vwala timoun yo te gen kont nanm pou yo angaje nan bagay yo potko menm konprann. Se pa ti koze. Sanba John Lucmann pouse n fè fas ak koze sila a nan yon istwa li pataje sou lè l te sèlman gen 5 an. Se pa ti maton li menm ak lòt timoun parèy li te maton nan chape anba je granmoun, pou yo t al jwe anba kabann ak youn lòt. Nou espere istwa sa a ap sèvi pou motive konvèsasyon sensè nan mitan granmoun, jenn moun kou timoun sou yon sijè ki enpòtan anpil nan lavi ak evolisyon nou tout.

Description

Reviews

There are no reviews yet.

Be the first to review “Jwèt anba kabann”

Your email address will not be published. Required fields are marked *