Je yo te fikse sou Bondye

$25.00

Nan bèl woman sila a, Zora Neale Hurston, yon gran ekriven Amerikèn nwa, ranmase tout talan l yo pou l imajine yon fanm, Jàn, ak yon ti kominote nwa ki toude apenn ap boujonnen epi k ap chache defini tèt yo, yo menm menm. Men, ni Jàn, ni ti kominote a ap tante fè sa nan mitan yon pi gran kominote Ameriken ki seksis, rasis, epi ki kwè nan yon sèl dye, lajan mawonnen ak pouvwa domine. Kontradiksyon lavi nan pi gran kominote sila a soti pou toufe rèv, vizyon ak limanite ni Jàn ni ti kominote nwa a. Jàn pran reziste. An menm tan, li pa janm sispann bay lwa rèv li a ak vizyon pa l la manje nan nanm li. Jàn antre nan li menm, li pran reflechi sou tout eksperyans li yo, li pran filozofe, li pran aji, pou l trase vèvè pa l nan lavi a.

Category:

Description

Reviews

There are no reviews yet.

Be the first to review “Je yo te fikse sou Bondye”

Your email address will not be published. Required fields are marked *