Destinasyon: Libète…Lavi Frederick Douglass

$17.50

Category:

Description

Frederick Douglass se yon gran zansèt Ameriken nwa.  Li te sove kite lesklavaj dèyè nan sid Etazini pou l te janbe nan teritwa lib yo nan nò peyi a an 1838.  Li se premye moun Etazini ki te rive ekri pwòp istwa l sou lavi l nan lesklavaj.  Se istwa sa a nou tradui an Kreyòl.  Frederick Douglass prezante nou lavi l depi l piti rive moman li te chape poul li ak siksè.  Lè l te rive sou teritwa lib, li te angaje l pandan tout lavi l pou l kwape sistèm lesklavaj nan sid Etazini an jis li aboli.  Ak desizyon sa, li te jwe yon gran wòl nan defans libète Ameriken nwa yo.  Li te gen chans viv pou yon ti tan ann Ayiti kòm anbasadè Etazini.  Men, li pa t pran tan pou l te demisyone epi denonse pozisyon enperyalis Etazini fas ak Ayiti.

Reviews

There are no reviews yet.

Be the first to review “Destinasyon: Libète…Lavi Frederick Douglass”

Your email address will not be published. Required fields are marked *