Konkou Istwa 2023

Konkou Istwa Danfans 2023 Edisyon 2 Kreyòl Yo
Edisyon 2 Kreyòl Yo se yon antrepriz Dr. Zermatt Scutt ak Madam Abdaly Lessage fonde pou
ankouraje pwodiksyon literè nan lang Kreyòl la epi pou angaje imajinasyon timoun, jenn moun
kou granmoun. Responsab yo se edikatris epi ekriven k ap imajine Ayiti nan lavni epi ki chwazi
priyorize lang Kreyòl la nan zèv literè pa yo. Pami tit Madam Lessage deja prezante nan Edisyon
an, nou jwenn Tant Ririn ak Kòk la vole gagè. Dr. Scutt li menm prezante piblik la plizyè tit tankou,
Fanm Je Klere: Ayiti Leve Pye w ak Manman Tanbou.
Selon 2 responsab yo, Edisyon 2 Kreyòl Yo ap lanse Premye Konkou Nasyonal Istwa Danfans
2023 a pou ankouraje kominote a pwodui zèv literè pa yo nan lang Kreyòl la. Se yon konkou ki
envite timoun, jenn moun kou granmoun reflechi sou yon evènman ki te make yo anpil pandan
yo t ap grandi ann Ayiti epi ekri yon istwa kout (1-3 paj) an Kreyòl ki prezante eksperyans sila a
yo te viv la. Responsab yo ap chwazi 2 pi bèl istwa yo pou bay yo chak yon prim 25,000 goud
epi pibliye istwa yo. Y ap evalye orijinalite istwa a, devlopman pèsonaj nan istwa a, prezantasyon
lokal kote istwa a ap dewoule a, prezantasyon bèl ekspresyon ak pwovèb Kreyòl nan pwogresyon
istwa a.
Madam Lessage ak Dr. Scutt ankouraje moun ki chwazi patisipe nan konkou a pou imajine istwa
a tankou yon bon manje epi pou yo mete bon ti di sèl, bon ti epis, bon ti piman pou fè l gou, pou
l kapte moun k ap li a epi pou l ret grave nan memwa l. Men sitou, yo motive chak patisipan
rakonte istwa l la nan fason espesyal sèl li menm ka rakonte sa k te rive l la ak jan l te viv li.
Dènye dat pou soumèt yon istwa pou Konkou Istwa Danfans 2023 a se 30 Septanm 2023. Epi,
responsab yo ap anonse 2 gayan yo 28 Oktòb 2023, Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la.
Fondatris Edisyon 2 Kreyòl Yo pataje tit plizyè istwa danfans yo deja pibliye ki trè popilè ak piblik
la ann Ayiti kou aletranje tankou 1) Plezi moun fou nan vil Jakmèl (Abdaly Lessage), 2) Timoun
Jalou (Gabriel Lucien), 3) Katakata Kooow!!! (Florence Lafalaise), 4) Jwèt anba kabann (John
Lucman).
Youn nan gwoupman Ayisyen k ap viv aletranje k apresye liv yo epi ki fasilite Edisyon an atenn
piblik Ayisyèn Kanada a se Kepkaa. Liv Edisyon an disponib pou Ayisyen k ap viv Kanada nan
Libreri Kepkaa. Responsab Kepkaa yo angaje ansanm ak Edisyon 2 Kreyòl Yo pou prezante
piblik la Konkou Istwa Danfans 2023.
Dr. Scutt ak Madam Lessage eksprime rekonesans yo pou travay Feliks Moriso Lewa, Papa
Literati Kreyòl Ayisyèn lan. Se youn nan bèl istwa Moriso Lewa yo ki enspire yo kreye yon
koleksyon liv istwa danfans. Istwa sila a gen tit, Sen Jan. Li se youn nan zèv Moriso Lewa
Edisyon an pran responsabilite re-edite epi pibliye.
Finalman, Dr. Scutt ak Madam Lessage lanse envitasyon pou kominote a patisipe nan Konkou a
ak anpil chalè epi ak pawòl sa yo, “Nou vle ankouraje pwòp tèt nou ak lòt moun nan kominote
Ayisyèn lan, Ayiti kou aletranje, pou n rakonte epi ekri istwa pa nou, nan fason pa nou, nan lang
pa nou, pou n pataje ak youn lòt.”

%d bloggers like this: