
Sanba Feliks Moriso Lewa, nèg Grangozye, se Papa Literati Kreyòl la. “Sen Jan” se youn nan bèl kont li kite pou nou ann eritaj. Kòm yon gran dizè, li rakonte n kòman moun grangozye te reyaji apre yon move tan te frape zòn lan. Yon fanm, Jèmèn, kanpe pou pote lamenfòt ak kominote a. Moun Grangozye manchte ponyèt yo pou yo regle tout ti koze yo, pou ede lavi souke kòl pou l rekòmanse taye banda nan bouk la.

Se yon kont Sanba Zermatt Scutt rakonte sou anbyans Manzè Zora ak 10 ti lezanj eveye kreye nan yon sal klas nan vil Jakmèl. Yon maten, Manzè Zora pataje ak timoun yo yon evènman ki te pase l nan lavèy. Lè w wè reyaksyon 10 ti lezanj yo apre yo fin tande sa k te rive a, w ap konprann pouki Manzè Zora batize yo “10 Solèy Leve”.

Mesyedam Lasosyete, men Moris Siksto! Pran ti chèz ba nou pou n tande koze. Gen yon lòbèy ki pete nan lakou Madan Jil yèoswa. Se nan koze ak kòmè l, Madan Emanyèl, nan pataje sa youn te wè, sa lòt la te tande, y ap rive konprann dekiprevyen lòbèy sila a.

Yon koleksyon powèm angaje Sanba Zermatt Scutt prezante ki pouse n chache konprann baz ki konekte reyalite fanm ak timoun ap viv nan sosyete a ak reyalite Ayiti ap viv nan kominote entènasyonal la.

Èske w sonje yon bagay ou te pè anpil lè w te timoun? W ap sezi tande sa Sanba Florence Lafalaise te pè lè l te piti. Li te gen chans se moun lakay li sèlman ki te konn koze a… pou yon tan. Yon bon jou, sekrè Florence lan pran lari. Avèk tout senplisite l, Florence pataje avèk nou sa k te rive l bon jou sila a.

Sanba Abdaly Lessage rakonte nou eksperyans li ak diferan moun fou nan kominote vil Jakmèl la pandan li t ap grandi. Li chwazi 4 pami moun fou sila yo: a)Emili, yon ansyen kondisip manman l ki te vin fòl; b) Jezila, ki te rezève plas sakre l nan legliz Sen Jak ak Sen Filip, c) ‘Pè’ Ti Pyè, ki te kareman fè lamès pa l nan menm legliz la, ak d)Bòb, ki pa t konn kite machann bon fritay viv.

Ti bonnonm lan te toujou pale tankou moun nan Nò. Vwala la l lekòl Pòtoprens. Lòt timoun pran fawouche l pou jan l pale. Gen youn ki rele Albè ki pa lache l yon may nan ba l fawouch, jouk misye kareman batize l, Ti Okap. Nan istwa sila a, Sanba Jean-Claude Martineau, ki deja pataje anpil bèl zèv nan djakout li ak pitit tè D’Ayiti, suiv demach “Ti Okap” pou l soti nan sitiyasyon fawouch sila a.

Istwa yon ti babouzi gason ki kwè vwazin li, madan Fis, se madanm li tout bon. Se pa ti sezi tout kominote a sezi lè yo wè jan ti gason sila a reyaji apre l vin konprann madan Fis se madanm mouche Fis. Se Sanba Gabriel Lucien ki rakonte nou bèl ti istwa vrè sa a ki te rive l lè l te gen senkan nan komin Remon.

Koze fason timoun angaje seksyalite yo lè yo tou piti se yon koze ki mande reflechi. Sanba John Lucmann, moun Bèlans, pataje ak nou eksperyans li ak 2 ti zanmitay lè l te tou piti. Vwala timoun yo te gen kont nanm pou yo angaje nan bagay yo potko menm konprann. Se pa ti koze.

Nan woman sila a, Sanba Zora Neale Hurston, yon Amerikèn Nwa, prezante nou istwa Jàn. Alaj sèzan, pandan li kouche anba yon pyebwa pou l kontanple mèvèy lanati, Jàn fè yon vizyon ki toutafè kapte nanm li. Se vèvè vizyon sila a ki pran oryante Jàn sou kalite vi li t a renmen bati pou tèt li. Men, sikonstans fè Jàn derape sou wout lavi a yon jan dwòl. Eksperyans li yo pran goumen ak rèv li, ak vizyon li gen pou lavi l la. Malgre sa, Jàn antre nan li menm, li pran reflechi sou tout eksperyans li yo, li pran kesyone lavi a, li pran filozofe, li pran aji, jouk li rive jwenn mwayen pran penso a pou l pentire lavi l nan fason pa l la.

Sanba Senegalèz, Mariama Bâ, rakonte nou istwa 2 fanm, 2 zanmi, ki gen kran gade reyalite y ap viv nan maryaj yo nan je. Epi, pou yo twoke kòn ak sitiyasyon y ap viv la. Men, twoke kòn pou n kwape reyalite dyòl pandye nan lavi nou se youn, travay pou n kreye lavi nou vle a se yon lòt. Mariama Bâ mennen nou wè kòman solidarite 2 zanmi sa yo ranfòse kran youn lòt pou yo imajine epi kreye vi yo vle a.

Sanba Yvonne Vera te grandi ap tande pale sou Nehanda. Nan kilti ak listwa Zimbabwe, Nehanda se alafwa yon fanm ki te mennen premye rebelyon kont blan kolon yo nan peyi a nan lane 1896, epi li se lespri yon gran zansèt ki konsène pou l defann libète pèp Zimbabwe a. Nan woman sa a, Yvonne Vera melanje sa l aprann nan listwa sou lavi fanm sila a ak pwòp imajinasyon l pou l ede nou menm tou imajine lavi ak vizyon Nehanda.

Se yon kont Afriken ki soti nan kilti pèp Mashona ak pèp Bouhera Ba Rozwi nan Zimbabwe. Nan bèl istwa sa a, yon jenn ti fi, Mela, deside fòk li jwenn yon mwayen pou geri papa l, chèf vilaj la. Lanmoun Mela pou papa l ba l kran pou l brave danje granmoun gason kou fanm te ka pè brave. Alafen, tout vilaj la onore lanmou ak kouraj Mela ki rive kreye mwayen pou papa l jwenn gerizon.