fbpx

Yon ti mo pou Jebca Edisyon (ak tout Lasosyete)

Nou p ap long ak pawòl yo.  Nou gen lavi n pou n al viv nan bèl ti peyi nou an.  Nou gen pou n al kontinye aprann bay epi resevwa lanmou.

Nou sèlman vle afime verite a.  Nan lane 2015, nou te kontre reprezantan Jebca, Roosevelt Desronvilles ak François Nau, nan program Livres en Folies. Nou t ap prezante premye travay nou, tradiksyon Kreyòl bèl liv Zora Neale Hurston lan, Their eyes were watching God.  Pou nou menm se te sèlman kòmansman an paske travay nou te deside bay tèt nou se tradui bèl literati sanba ki soti nan zantray Lafrik, ki epapiye nan tout mond lan, ekri.  Nou te prezante vizyon nou bay Jebca epi nou te mande kolaborasyon yo nan ede nou plibliye tèks n ap genyen pou n tradui yo.  Nou te finalman chwazi rele koleksyon nou anvizaje a, Koleksyon Jaliyaa. Jebca te jije se yon bon non pou koleksyon an. Kontra te siyen.

Nou te pase de zan ap mache ak Jebca. Pandan de zan sa yo nou te prezante yo twa diferan travay nou tradui: Nehanda (Yvonne Vera), I know why the caged bird sings (Maya Angelou), The Color Purple (Alice Walker).  Jebca te rive pibliye tradiksyon Kreyòl liv Maya Angelou a. Men, Jebca te montre movèz fwa nan anpil dizon li te gen avèk nou.  Kidonk, an desanm 2017, nou te deside koupe relasyon nou ak Jebca kòm ajan pou ede nou pibliye tèks nan koleksyon Jaliyaa a.  Nan lèt la nou te mande yo retire non nou ansanm ak Koleksyon Jaliyaa sou sit yo a.

Nan lane 2018, Jebca montre li gen entensyon vòlò Koleksyon Jaliyaa kòmsi se te pwòp zafè l li te inisye.  Yo sèlman retire non nou sou sit yo a kòm direktè Koleksyon Jaliyaa, epi yo enstale yon lòt moun kòm direktè. Nou vle rele bare vòlò.   

Men se pa sa sèlman nou vle fè.  Kòm nou di sou sit nou an, sit Edisyon 2 Kreyòl Yo, Koleksyon Jaliyaa se yon kokenchenn travay.  L ap bezwen pou anpil men kolabore toupatou kote Ayisyèn ak Ayisyen ap viv. Kidonk, apre nou fè yon ti reflechi, nou deside fè Jebca kado bèl ide Koleksyon Jaliyaa, ak kondisyon pou l kite yon bèl eritaj pou demen.  Epi, nou deside envite tout lòt edisyon ki damou bèl ide Koleksyon Jaliyaa pou yo mete Koleksyon Jaliyaa pa yo kanpe tou, ak menm kondisyon pou yo kite yon bèl eritaj pou demen.

Fò n di n, Jebca fè nou fache anpil akoz jan yo aji a.  Men, n ap fè menm jan ak Bondye Shug la (fè yon ti gade entwodiksyon nou ekri pou tradiksyon Kreyòl The Color Purple la). Shug fè konprann lè Bondye fache, li sèlman reyaji pou l kreye yon lòt bagay ki pi bèl toujou.

N ap kontinye kreye pi bèl toujou,

Zermatt Scutt