Plezi Moun Fou nan Vil Jakmel

$8.99

Sanba Abdaly Lessage prezante nou 4 pèsonaj ki te konn anime zòn kote l t ap viv nan vil Jakmèl la lè l te piti. Emili te kondisip manman Abdaly, epi l te souvan pase manje lakay li. Jezila te toujou legliz Sen Jak ak Sen Filip la lè Abdaly t ale lamès dimanch ak manman l. Ti Pyè tou te souvan frekante legliz la, li te pozisyone l bò bradkwa a pou l di lamès pa l anvan vrè pè a te vin pran chè a nan men l. Bòb li menm te prefere mache a, kote l te ka atrap kichòy pou l manje, tankou gwo bout griyo nan bak machann fritay yo. Toulekat pèsonaj sa yo te soufri diferan nivo difikilte mantal. Men, sa pa t anpeche yo kite mak pa yo nan vil la. Abdaly prezante nou pawòl ak zak komik pèsonaj sa yo yon fason k ap rann yo ret grave nan memwa nou tou.

Description

Reviews

There are no reviews yet.

Be the first to review “Plezi Moun Fou nan Vil Jakmel”

Your email address will not be published. Required fields are marked *