Djakout 1, 2, 3, 4

$19.99

Sanba Moriso Lewa se yon gran ekriven ki te bay lang Kreyòl la valè li merite nan kreyasyon literè l yo.  Yo rekonèt li kòm Papa Literati Kreyòl la.  Liv sila a se yon koleksyon pwezi angaje ki kouvri pakou Moriso Lewa soti nan lane 1950 yo rive nan lane 1990 yo.  Chak tòm prezante refleksyon l sou diferan aktyalite nan peryòd li t ap viv la.  Nou jwenn pwezi ki touche : sou deba konsènan plas lang Kreyòl la ta dwe genyen nan peyi d Ayiti, sou fanm ak gason vanyan k tonbe nan goumen pou yon lòt sosyete nan peyi a ; sou diktati Divalye, laterè tonton makout yo ; sou laterè Etazini fas ak peyi k t ap reziste nan lane 60-80 yo soti nan Lamerik la, pase ann Afrik, rive ann Azi ; sou fanm ak gason vanyan soti Lamerik, pase ann Afrik, rive ann Azi, ki pa t janm sispann reziste fason granpisans Ameriken ak Ewopeyen yo deklare posiblite pou tout moun ta jwi lavi ak libète, lagè.

Description

Reviews

There are no reviews yet.

Be the first to review “Djakout 1, 2, 3, 4”

Your email address will not be published. Required fields are marked *