Ekip Edisyon 2 Kreyòl Yo envite n danse epi kreye ansanm!
Chak dènye dimanch nan yon mwa, w ap jwenn nou k ap danse sou plaj Timouyay soti 3è nan lapremidi rive pou 5è (Nou danse lakay nou chak jou!). N ap kontan pataje istwa nou yo ak moun ki anvi koute tou apre danse a.
N ap kòmanse ak mizik fanm yo k ap chante kreyòl! Sa se ti koleksyon pa nou ann atandan (nou lage 3 pou kounye a). Nou envite w ede n elaji koleksyon mizik fanm k ap chante kreyòl la.
Pa gade sèlman, kòmanse danse!!!