fbpx

Koleksyon Jaliyaa

Nan koleksyon sa a, nou tradui nan lang Kreyòl peyi nou an bèl literati moun nwa ki epapiye nan tout mond lan ekri.  Nou konprann byen se yon kokenn chenn travay sa ye.  L ap bezwen pou anpil lòt men kontribye ladan l.  Nou envite lòt tradiktè ki vle kontribye nan travay sila a vin met men ak nou.  Tankou nou di nan peyi nou, men anpil chay pa lou.

Mariam Bâ
Mariam Bâ

Mariama Bâ fèt nan vil Daka, Senegal, 17 Avril, 1929.  Amadou Bâ, papa l, te ensiste epi ankouraje l pou l kontinye lekòl li nan yon tan sa pa t alamòd pou paran te kite pitit fi yo pousuiv gwo ledikasyon.  Pwofesè l nan lekòl, te wè talan l epi l te motive l nan menm chimen an.  Mariama Bâ te briye kòm etidyan epi lè l te rive laj matirite pou l pran plim li alamen, vwa l te sonnen soti Lafrik pase Lewòp, ale nan tout mond lan.  Nan premye piblikasyon literè l, Une si longue lettre (pibliye 1979), fason l te manchete plim li pou l fè n viv reyalite lavi fanm nan sosyete l, pou l kominike verite k touche fanm nan tout sosyete, te ba l yon plas pami gran ekriven Lafrik yo.  Li te gen chans jwi ochan yo te ba li kòm ekriven anvan zansèt li te rele l tounen vin jwenn yo nan lane 1981.  Se nan lane sa a tou, apre lanmò l, pitit li te pibliye yon dezyèm woman li te ekri ki gen tit, “Un chant ecarlate”.  

Frederick Douglass
Frederick Douglass

Frederick Douglass fèt epi grandi nan lesklavaj nan zòn Maryland, Etazini sanble nan lane 1817.  Nan dat 3 septanm 1838, li te chape pou l li kite plantasyon kote l te esklav la pou l te bay tèt li libète.  Nan liv nou tradui la a, Destinasyon: Libète, Frederick Douglass prezante nou pwòp istwa l sou lavi nan lesklavaj nan zòn sid Etazini an ak kòman l te rive sove pou l tabli libète l nan zòn nò peyi a.  Eksperyans Douglass yo te motive l angaje l fon nan batay pou libere esklav yo.  Li reprezante yon gran aktivis pou libète nan peyi Etazini.  Gen 2 lòt liv li ekri sou lavi l: 1) My bondage and my Freedom (1855), 2) Life and Times of Frederick Douglass (1881).  Li kite plizyè lòt dokiman ki prezante refleksyon l sou diferan aktyalite nan tan l t ap viv la tankou sitiyasyon fanm Etazini ki t ap goumen pou defann dwa yo nan sosyete a.  Apre l te fè yon ti tan kòm anbasadè Etazini ann Ayiti, li te ekri refleksyon l sou fason Etazini deside enpoze l sou Ayiti.  Lè nou li travay Douglass yo, epi lè nou egzamine lavi l, nou wè yon moun ki te itilize eksperyans li nan lesklavaj pou ede l apresye non sèlman valè libète pa l ak libète Ameriken nwa parèy li, men tou valè libète tout lòt gwoup moun nan sosyete a. 

Zora Neale Hurston
Zora Neale Hurston

Zora Neale Hurston se yon gran ekriven Amerikèn nwa ki fèt 7 Janvye 1891.  Li se yon fanm eksepsyonèl ki depi nan laj jenn fi l te travay pou l pouse pwòp tèt li lekòl, soti lekòl klasik rive nan inivèsite.  Li gradye nan Barnard College nan lane 1927.  Kilti, listwa, ak relijyon  kominote nwa Etazini an ak nan Karayib la te enterese l anpil.  Se sijè sa yo ki te pasyone l epi motive aktivite rechèch li ak aktivite l kòm ekriven.  Lè l te gen chans jwenn yon bous rechèch Guggenheim nan lane 1936, li te chwazi itilize l pou l vwayaje Ayiti ak objektif chache konprann relijyon, kilti vodou a pi byen.  Pandan sejou l ann Ayiti, li te ekri epi konplete woman ki t ap pèmèt talan l kòm ekriven briye.  Woman sila a gen tit, Their eyes were watching God (pibliye an 1937), epi se li nou mete nan lang kreyòl la.  Anplis woman sila a, li ekri 3 lòt: 1) Jonah’s Gourd Vine (1934), Moses, Man of the Mountain (1939) ak Seraph on the Swanee (1948).  Li rasanble rechèch li te fè sou diferan kalite istwa ak kont moun nan kominote nwa l te visite yo gen tandans rakonte nan 2 liv: 1)Dust Tracks on a Road (1935), 2)Tell my Horse (1942).   Li ekri sou lavi l nan liv ki gen tit, Dust Tracks on a Road (1942).  Non sèlman sa, li kite nou ak yon pil kont ak teyat li te ekri tou.  

Yvonne Vera
Yvonne Vera

Yvonne Vera fèt 19 septanm 1964 nan zòn Bulawayo, Zimbabwe.  Youn nan travay li yo gen tit, “Why don’t you carve other animals?”, ki vle di “Poukisa ou pa kreye lòt kalite zannimo?”  Se yon koleksyon istwa kout ki ede n sezi defi Yvonne Vera poze lektè li yo, defi pou n pa ret ap kreye menm bagay yo.  Li prezante defi sa a nan plizyè diferan fason nan diferan woman l yo.  Men, li toujou jwenn mwayen fè sa ak yon langaj k ale nan nannan koze tèt chaje ki mawonnen egzistans pèsonaj li yo (espesyalman fanm yo) ak yon dousè, yon bèlte.  Antou, li ekri 4 woman: 1)Nehanda (1993), 2) Without a name (1994), 3) Under the tongue (1996), 3) Butterfly Burning (1998), 4) The Stone Virgins (2002).  Nou tradui woman Nehanda a, men se tout woman li yo ki gen dekwa wouze, trakase lespri nou menm nan peyi d Ayiti, yon peyi ki tankou Zimbabwe, pa etranje ak tèt chaje.  Yon peyi kote twòp moun tankou pèsonaj prensipal Butterflying Burning… yon papiyon yo met dife sou li pou anpeche l vole.   Sanba Yvonne Vera fè travèse l 7 Avril, 2005.  Kòm yon gran ekriven, vwal kontinye sonde lespri nou.