Entwodiksyon pou The Color Purple

Bondye, Lanmou ak Libète

Zermatt Scutt

E si?  E si sa w panse a pa ta sa ditou?  Sa w kwè ou konnen pou sèten sou lavi a, sou relasyon fanm ak gason, fanm ak fanm, timoun ak granmoun, sou Bondye, sou rezondèt nou.  Liv sa a Alice Walker ekri a ki gen tit, Koulè Mov La, envite nou poze sou kesyon sa yo: E si?  Epi, ki diferans sa t ap fè?

Pandan l ap ban nou envitasyon an, li tou pwofite kreye yon imaj pou nou sou sa reyalite a ye ansanm ak sou sa l te ka ye.  Li mennen nou antre nan lakou Celie, yon fanm kaptiv, ak Mesye _____, yon nèg ki kwè nan pouvwa dòm li.  Li mennen nou nan lavi Shug, yon moun (fanm) tout bon, ak Sofia, yon amazon (sa vle di yon fanm vanyan nan lang anglè a, yon fanm konba).     

Celie se pèsonaj prensipal tèks la.  Se li k ap rakonte nou istwa l.  Men, li se yon kaptiv ki mawonnen ak chenn mantal, epi ki soumèt byen soumèt pou l ka viv.  Se Bondye sèl li santi li ka adrese, pou rakonte sò l, epi pou l mande sekou.  Kidonk, li pran ekri Bondye yon bann lèt.  Dèske se Bondye l ap ekri, li di tout bagay, jan l viv li a, san rezèv.  Pandan Celie ap mennen nou antre nan mond li, nan reyalite l, alafen nou fini pa konprann lèt li yo se dokimante y ap dokimante kòman li rive trase chimen libète l.  Kidonk, ofon liv la se istwa liberasyon Celie

Nou jwenn se pwòp kouraj Celie ki mete men ak lanmou pou reyalize liberasyon sila a. Premye bagay Celie ranmase kouraj li pou l fè pandan l ap trase chimen liberasyon l se mande: Men, ki Bondye sa a m ap ekri a?  Sa a se pa yon ti kesyon raz, epi se pa tout moun k ap rive gen kouraj pou poze l.  Ki Bondye sa a?  Non sèlman Celie gen kouraj poze kesyon an, men li fè sa yon fason nan tèks la ki montre nou li pa pè sa repons lan ka ye, malgre se Bondye sèl li santi li genyen kòm sekou.  Celie reponn pou l di, pètèt se yon Bondye soud li fè tout tan sa a ap rakonte tout trajè l yo.  Yon mouche blan, bab blanch ki sèlman konnen kijan pou l chita byen konfòtab sou twòn li nan syèl la pou l resevwa ochan.  Posiblite sa a Celie konsidere a ka choke nou.  Men, si nou pran tan reflechi, n ap wè se paske Celie poze kesyon l lan tout bon ki fè l ka menm imajine yon repons konsa. Si yon kesyon poze tout bon, fòk nou ka ouvri imajinasyon nou pou nenpòt sa repons lan ka ye. 

Celie kite kesyon an mennen l jouk li menm rive imajine Bondye yon lòt jan.  Se pa ti kouraj sa mande pou n kite tèt nou vin wè Bondye yon lòt jan konpare ak fason Bib la, Koran an, oubyen lòt otorite relijye yo egzije pou n wè l.  Kidonk, pandan Celie, kaptiv la, ap itilize kouraj li pou l kase chenn mantal yo, premye bagay li deside konprann yon lòt fason se Bondye. Sa ka pouse nou mande tèt nou plizyè kesyon tankou: Poukisa se ak kesyon Bondye a li kòmanse? Èske pètèt gen yon koneksyon ant fason nou imajine Bondye ak liberasyon nou? 

Se lanmou Shug ki ede Celie imajine Bondye yon lòt jan.  Pandan y ap koze sou tout ti bagay jan yo vin abitye fè nan zanmitay yo ak youn lòt, Celie esplike Shug kijan li wè imaj Bondye l ap ekri a, epi Shug pran kesyone l sou imaj sa a.  Celie reflechi sou kesyon Shug yo, epi sa pouse l anvi konnen kijan Shug li menm wè Bondye.  Se konsa Shug pran filozofe, li pran pataje kijan esperyans li pouse l konprann epi viv sa Bondye ye. Li pran detaye yon nouvo teyoloji.  Kisa Bondye ye?  Èske li se fanm? gason? Kisa l renmen?  Nan kisa l pran plezi? Kisa l ap atann nan men kreyasyon l lan? Kisa l fè lè l fache kont kreyati l yo?  Repons Shug bay kesyon sa yo fè Celie sezi (pa egzanp, Shug fè konprann lè Bondye fache, li sèlman reyaji pou l kreye yon lòt bagay ki pi bèl toujou), epi li byen posib yo ka fè nou menm k ap li sezi tou.  Men, se pa nouvo teyoloji Shug la sèlman ki ka kanpe kèk moun sou wout yo.  Konbyen nan nou ki t ap ka rive imajine yon moun tankou Shug kòm teyolojyen lè nou fin dekouvri kiyès Shug li menm li ye nan istwa a? 

Kòm yo te ka di, “monden” pase l nanpwen, li renmen yon bon moman, li renmen sèks, li renmen epi li priyorize pwòp tèt li.  Priyorite l se viv lavi l jan l vle a.  Epi li pa bay okenn moun regle anyen pou li.  Kanpe sou wout li si w gen kran epi l ap boule avè w jan w vle l la.  Nan je menm moun ki renmen l, li se yon fanm ki pa manje anyen frèt.  Li fè twa pitit li pa okipe.  Manman l pran timoun yo depi piti paske li pa kwè Shug se yon bon egzanp.  Shug se yon vedèt Blues (yon mizik anpe moun te pran kòm yon mizik monden anpil, mizik satan) k ap mache chante toupatou nan peyi Etazini.  Nan je piblik la ki renmen mizik li yo, epi ki renmen wè l nan rad devwale l yo, li se yon rèn chantrèl. 

An menm tan, nan tèks la, pa gen pase Shug nan montre lanmou, bonjan lanmou.  Se lanmou li montre Celie ak Mesye ________ ki jwe yon wòl enpòtan nan evolisyon ki mennen yo chak sou chimen pou valorize pwòp limanite yo.  Li kore Celie yon fason ki ede l demawonnen l ak Mesye ______, yon nèg ki te marye avè l pou l te ka sèvi bòn li, bòn timoun li yo, epi travay nan jaden l.  Celie soti kite esperyans kaptiv kay Mesye _____ a pou l vin konpòte l, epi pou l egzije zòt respekte l kòm moun.  Lanmou Shug la motive Mesye ______ tou pou l kite ilizyon pouvwa dòm li a, pou l kite lespri fèb li a, pou l vin yon gason tout bon, pou l vin yon moun.  Se nan wonn lanmou Shug la, nanm misye vin ouvri pou lanmou ki te antere nan fon kè l la te ka jwenn lawouzay pou l grandi.  Kidonk nou jwenn prèske nan fen tèks la Celie ak Mesye ______ chita yon jou, y ap pale sou Shug, y ap kontanple kisa ki fè yo renmen l konsa.  Epi yo pran ba li ochan paske yo dakò li se yon moun tout bon… ki pa manje anyen frèt.

Gen yon lòt bagay ankò, epi m panse se sa ki plis choke epi an menm tan atire Celie: Shug gen odas kwè jan l ap viv la, jan l ap pran plezi l la, jan l lage tèt li nan renmen sa l renmen, se nan sa menm Bondye pran plezi. Celie fini pa kwè nan odas Shug la dèske li menm tou li damou Shug pou fason li pran plezi nan libète li bay pwòp tèt li pou l viv lavi l, epi pou l renmen sa l renmen.  Se tout bagay sa yo, lanmou Celie ak Shug nan lavi youn lòt, lavi Shug, odas Shug, ki ka pouse nou mande: E si nouvo teyoloji Shug la ta prezante nou imaj Bondye tout bon?  Ki diferans sa t ap fè?

Nan Koulè Mov La, Alice Walker soulve kesyon sa yo pou nou nan yon kontèks sosyal byen detèmine.  Li te fèt nan vil sid Etazini ki rele Georgia nan yon moman kote peyi a te divize ant nwa ak blan.  Li te grandi nan lane 1940/50 yo nan yon sosyete kote li te nòmal pou teworis blan tankou gwoup yo rele Klu Klux Klan lan te bay tèt li misyon itilize vyolans pou kenbe moun nwa nan plas yo, pou yo toujou rete soumèt devan ras blan an.  Yo rakonte papa Alice Walker te premye nèg nwa ki te prezante pou l vote nan bouk yo a, malgre gwoup Klu Klux Klan lan te kanpe an kwa pou sa pa t fèt.  Nan je Alice Walker, manman l ak papa l te tankou de jeyan pou jan yo te vanyan fas ak sosyete rasis yo t ap viv la ansanm ak lamizè yo te oblije konbat pou yo te ka elve pitit yo.  Nan lane 1960 yo, Alice Walker te swiv egzanp paran l yo epi li te angaje l nan mouvman pèp nwa Ameriken an t ap mennen nan tan sa a pou reklame tout dwa yo kòm sitwayen Ameriken. 

Reyalite sa yo nan lavi Alice Walker enfliyanse istwa li ekri yo anpil.  Nan plizyè entèvyou yo fè avèk li, li eksprime kijan li konsène anpil ak fason moun k ap viv nan yon anviwonman kote yo oblije konbat yon pakèt fòs tankou mantalite rasis ak seksis ka rive kenbe pèsonalite yo djanm, ka rive rete konplè nan yo menm, epi ka menm rive fleri.  Nou ka deja wè sa nan fason istwa Koulè Mov la konsantre sou liberasyon Celie.  Men, gen yon lòt moun Alice Walker itilize nan istwa a pou l demontre reyalite rasis li te grandi a: Sofia.  Nan tèks la se lavi Sofia ki plis ban nou lapenn.  Pèsonalite Sofia fè l derefize konjige vèb bese tèt devan pèsonn, kit se mari l, kit se blan, kèlkilanswa sa l ye a.  Pou sa, yo fè l peye chè.  Paske li oze pale angran ak fanm blan ki se madanm majistra nan vil la, li pran prizon.  Yo defigire l, yo koupe relasyon l ak pitit li pou plizyè lane, yo manke fè l fòl.  Kidonk, se lavi Sofia sitou ki ede nou konprann nan ki kontèks sosyal ak istorik istwa a ap dewoule.    

Men, malgre tout esperyans sa yo, Sofia montre yon rezistans eksepsyonèl.  Sofia rete Sofia.  Yon pèsonalite ki pa konjige vèb bese tèt la.  Se sa k fè nan tèks la souvan yo karakterize Sofia kòm yon amazon.  Nou menm nou ta di Sofia se yon Ceddo.  Mo sa a nou aprann li nan fim gwo direktè Senegalèz ki rele Ousmane Sembene a kreye ki gen tit, Ceddo (1976).  Nan fim lan, li esplike kisa yon Ceddo ye pami anpe gwoup Afriken tankou Wolòf yo k ap viv nan Senegal: “…être Ceddo c’est être jaloux de sa liberté absolue.  C’est aussi  être un guerrier.  Ni religion, ni ethnic, c’est une manière d’être avec des règles” (…yon Ceddo se yon moun ki jalou pou libète l, pou pyès moun pa retire menm yon degi nan libète l.  Sa vle di tou yon moun vanyan.  Mo sila a pa deziye ni yon relijyon ni yon ras moun, men pito li deziye yon fason yon moun ye, yon jan li gouvène tèt li.”   

Nan tèks la, nou jwenn anvan Shug te menm antre nan lavi Celie, se Sofia, ak pèsonalite fò li a, ki te kòmanse bay Celie defi pou l leve pye l pou l trase chimen libète l.  Men, se pa ti dwòl Celie te panse fason Sofia dwòl okòmansman pou jan li doubout.  Alafen, lè Celie li menm tou kòmanse pran plas pa l pami moun doubout, li chante ochan pou Sofia menm jan li fè pou Shug, li rekonèt Sofia kòm yon moun tout bon.  San mank, Sofia se Ceddo a nan istwa a ki demontre kòman yon moun ka kenbe fè m sa l ye a nan yon anviwonman ki fè konplo pou devalorize l, pou menm detwi bonnanj li.

Alice Walker kòm ekriven enterese anpil nan kijan nou ka rive sove pwòp bonnanj nou lè n twouve n nan yon sosyete tèt anba, nan yon reyalite ki soti pou talonnen nou anba pye l.  Li vle eksplore plizyè fason diferan pèsonalite ka itilize baton ki nan men yo pou yo rekonstwi reyalite a pou l afime yo nan tout bèlte yo.  Liv li ekri yo anpil.  Epi fason li rakonte istwa l yo kit se nan fòm woman, kit se nan fòm powèm, kit se nan fòm diskou, motive yo onore l kòm yon gwo ekriven Amerikèn, yon gran atis literè entènasyonal.  Mwen panse n ap wè gen bon rezon pou renome entènasyonal Alice Walker a lè nou li istwa nou tradui la a.  Lè mwen mezire istwa Koulè Mov La, mwen santi li se yon istwa ki ka transfòme nou.  Sou sit entènèt Alice Walker a (http://alicewalkersgarden.com) li pale sou sa k fè yon liv gen anpil konsekans.  Li di se yon liv ki ka angaje lektè a yon jan pou l imajine nouvo bagay, nouvo fason pou l renmen, pou l aji. Li esplike tou gen anpe liv ki ale pi lwen toujou paske poukont yo yo ka rive konplètman transfòme fason nou konprann epi wè lavi a.  Mwen panse liv Koulè Mov La tonbe nan kategori sila a.  Se sa ki motive mwen pataje istwa a avèk nou nan lang kreyòl la.   

%d bloggers like this: