Nou vle etabli yon relasyon ekitab ak Sanba ki ekri pou Edisyon an. Se pou rezon sa a nou jije li enpòtan pou n pataje benefis travay la egalego avèk yo. San Sanba a ki pwodui a, Edisyon an pa t ap gen anyen pou l pibliye. An menm tan, Edisyon an kontribye pou l fasilite kreyasyon Sanba a atenn piblik la. Kidonk, pou chak liv Edisyon an vann pou yon Sanba, 50% ap pou Sanba a, epi lòt 50% an ap rete pou pèmèt Edisyon an kontinye fè ti bourik la mache.