sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute
1) Twa Rezon ki motive travay Edisyon 2 Kreyòl Yo ansanm ak emisyon “Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann” nan.
2) Powèm Moriso Lewa ki gen tit , “M ap ekri yon liv Kreyòl”, ak “Mèsi Papa Dessalines”.
3) Abdaly Lessage k ap pataje bèl istwa danfans li ekri nan liv, Plezi Moun Fou nan Vil Jakmèl. Se Dalton Eugene Kerry ki fè ilistrasyon pou liv sa a.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Yon ti rale sou lavi Moriso Lewa (1912-1998), Papa literati Kreyòl Ayisyen an.
2) Vwa Moriso Lewa k ap pataje kèk powèm ki soti nan liv, Dyakout 1,2,3,4.
3) Zermatt Scutt k ap pataje kèk powèm nan liv, Fanm Je Klere: Ayiti Leve Pye w.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Zermatt Scutt k ap pataje yon pati nan liv, Dis Solèy Leve.
2)John Lucmann k ap pataje liv, Jwèt anba Kabann.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Kont “Tòti ak Pijon” ki soti nan liv, Istwa ak Kont Kreyòl, Mod P. Fontis ekri a.
2) Premye chapit nan liv Zora Neale Hurston nan ki gen tit, Je yo te fikse sou Bondye.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Yon ti rale sou Lavi Zora Neale Hurston (1891-1960), otè liv, Je yo te Fikse sou Bondye.
2) Kont “Fanm ak Gason nan Wayòm Bondye ak Satan”, yon kont Zora Neale Hurston te ranmase anba bouch moun nan kominote nwa kote l te gen chans viv yo.
3) Entèvyou ak Edenne Roc, tradiktè woman Jacques Stephen Alexis la ki gen tit, Konpè Jeneral Solèy.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Igèt Dejan k ap pataje kont “Tanmanniga” ak kont “Yon lèt Wa Lafrans pou Prezidan Ayiti”.
2) Zermatt pataje pasaj li nan klas Kreyòl Igèt Dejan ak Dahoud Andre te anime ansanm nan Brooklyn. Nou di ochan pou gwoup Eritye Papa Desalin lan k ap kontinye menm travay ki te mete klas Kreyòl sa a kanpe.
3)Yon ti istwa sou lavi Desalin nou jwenn nan liv Joslin Twouyo ki gen tit, Jal Jan Jak.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1) Igèt Dejan k ap pataje yon bèl kont, “Istwa yon ti madanm ak 3 ze”.
2)Yon ti rale sou bèl travay Jean-Claude Martineau yo ki fè lonè kilti Kreyòl Ayisyèn nan.
3) Jean-Claude Marineau (Koralen) k ap pataje bèl istwa li a, “Ti Okap: Pale Moun nan Nò”. Se youn nan liv nan koleksyon Istwa Danfans nan. Se Audeva Joseph ki fè bèl ilistrasyon pou liv sa a.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute:
1)Yon istwa kont ki soti nan zòn Lafrik nou jwenn nan liv Merlin Stone, “Ancient Mirrors of Womanhood”. Tit istwa a se “Mawou”. Jan Igèt te ka di, istwa a montre nou ògèy ak dyòlè pa bay. Se met men nan pat la ak tout imilite, ak bon konprann ki bay.
2) Jean-Claude Martineau k ap pataje kèk refleksyon sou Venezuela ak koneksyon evènman aktyèl nan peyi sila a genyen ak Ayiti.
3) Yon deba n ap kòmanse sou sa Marijàn vle di nan kilti nou.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute yon emisyon espesyal sou mwa Mas, mwa pou onore fanm epi ankouraje avèk yo nan lit pou libere gwoup fanm yo kont dominasyon gwoup gason yo:
1) Yon ti rale sou kèk zansèt fanm ki te goumen pou bay fanm kou gason libète:
a.Marijàn (Ayiti)
b.Flore Gaillard (Sent Lisi)
c.Lumina Sophie (Matinik)
d. Harriot Tubman (Etazini)
2)Ochan pou Manman yo pandan mwa fanm nan.
3)Kèk bagay fanm ap reklame nan sosyete nou an.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute kontinyasyon emisyon espesyal pou mwa Mas la, mwa pou onore fanm epi ankouraje avèk yo nan lit pou libere gwoup fanm yo kont dominasyon gwoup gason yo:
1) Yon jenn demwazèl nan vil Jakmèl, non datis, Ketlove, k ap pataje yon bèl istwa kont avèk nou ki gen tit, Mela. Se istwa yon ti fi ki tèlman gen lanmou ak kouraj, li rive fè zanmitay ak yon Sèpan Gerisè pou papa l te ka jwenn gerizon.
2)Refleksyon sou istwa Mela a mennen nou pataje kèk koze sou fanm nan istwa lamedsin nan ansyen sivilizasyon Ejipsyèn nan sou kontinan Lafrik la.
3)Yon ti rapò sou aktivite nou te fè nan Bibliyotèk Twa Dumas la Samdi 2 Mas.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute kontinyasyon emisyon espesyal pou mwa Mas la, mwa pou onore fanm epi ankouraje avèk yo nan lit pou libere gwoup fanm yo kont dominasyon gwoup gason yo: Nan emisyon sa a n ap denonse mank respè sosyete a genyen pou kò nou menm fanm ki ba yo lavi, lanmou, manje, libète, lasante!
1) Refleksyon sou nouvo chante Emeline Michel an kolaborasyon avèk Riva Precil ak Prensès Eud ki gen tit, “Egzotik”. Se chante sila a ki enspire sijè emisyon an jodi a.
2)Abdaly Lessage pataje yon eksperyans ak yon agwonòm ki te pran pòz ap bay travay tandiske se fanm li t ap chache pou l eksplwate kò yo.
3)Refleksyon sou chante popilè nan Jakmèl nan lane 2013 ki gen tit, “Les égarés de la ville de Jacmel”.
4)Ayibobo pou Moris Sixto, yon gwo dizè, yon gason vanyan ki pa pè denonse magouy gason parèy li nan bèl lodyans li yo. Nou pataje lodyans, “Madan Jules”. Nan lodyans sa a, Moris Sixto fè nou ri anpil an menm tan l ap pouse nou kwape mank respè anpil gason genyen pou kò fanm, epi pou pwòp tèt yo.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute kontinyasyon emisyon espesyal pou mwa Mas la, mwa pou onore fanm epi ankouraje avèk yo nan lit pou libere gwoup fanm yo kont dominasyon gwoup gason yo:
1) Yon ti rale sou lavi Moris Sixto: Yon gason vanyan ki pa pè denonse bagay kwochi nan fason gason trete fanm nan sosyete a.
2) Kèk refleksyon sou lodyans Moris Sixto a, “Madan Jules”.
3)Yon ti rale sou move tretman machann yo, ki pi fò se fanm, ap sibi anba men dirijan Jakmèl yo.
sou radyo Bellevue Inter (103.9 fm) nan vil Jakmèl
Koute kontinyasyon emisyon espesyal pou mwa Mas la, mwa pou onore fanm epi ankouraje avèk yo nan lit pou libere gwoup fanm yo kont dominasyon gwoup gason yo: Ann Koute Bèl Mizik Fanm Pwodui!
1)Riske
https://youtu.be/egMkWLbqp5s
2)Femmes Fatales
https://youtu.be/0B1285MltFU
2)Milca
https://youtu.be/GNFbRy5h_OI
3)Jennifer Dias
https://youtu.be/XtRD5-eVmm8
4)Lycinaïs Jean
https://youtu.be/l2fE2KZnvcU
5)Riva Precil
https://youtu.be/JeFKJZjykjQ
6)Emeline Michel
https://youtu.be/HV3Nca73oNg